ADVERTISEMENT


kore lapolis pou bon jan sekirite sou tout teritwa peyi a.

Fermilien Francy - September 4 2013, 1:10 AM

KORE LAPOLIS POU BON JAN SEKIRITE SOU TOUT TERITWA PEYI NOU.
Nan plan pou devlopman, nou paka fe l san yon bon polis ki gen estrikti.Nou vle prese prese prezidan pou prezante plan sa pou chak grenn polisye nou yo nan pran konsyans ke prezidan ap panse pou yo epi yap deside fe travay la san patIpri.san yo pap bezwen mache avek yon sak nan do yo tout lajounen cheche bay kontravansyon san rezon osinon arete moun pou fe lajan osinon patisipe nan kidnaping kap ba nou move renome o nivo international.Yon plan edikasyon gratis pou pitit chak grenn polisye yo, sante gratis nan kelkeswa lopital ki nan peyi a, si yo malad yap jis bezwen prezante kat leta bayo a epi tretman gratis ak pi plis atansyon ke moun kap peye sou plas yo. madanm polisye ansent lopital gratis.

transport gratis pou polisye ak fanmiy polisye tou.Yon moun ki gen polis Haiti dwe santi l fier de li e de prezidan l tou.Pou sa prezidan wap bezwen magazen de leta kote wap ka fikse pri tout macahdiz sou mache a, boujwa pral bezwen ba w yon chans pou sa nan pran konsyans ke nou vle mete peyi a sou yon lot ray.Nan magazen an tout ka achte avek kat kredi leta san yo pap bezwen nan fe raket anyen.

MICHEL MATELY SE NELSON MANDELA AN HAITI.wap nan wout pou mouri Ayisyen ap fe yon gwo bary pou anpeche lamort pa pranw,.polisye yo ka voye madanm yo al achte nan yon pri nomal.Lap mande pou mete yon kontwol sou taks kap peye yo pou ka jwenn mwayen pou kore pwogram sa.Le gen sekirite patou moun ap mache lajounen kou lanwit kominote international la ap femen bouch yo sou nou .enben men nou men peyi kap resevwa plis ke 5 million touris pandan ane a nan 5 ane Haiti ap kiti povrete chita deye kamyonet nou ale. Prezidan eseye sa wa di m sa wjwenn.

Francy Fermilien fanatik sweet micky, tet kale.nou an russie avek drapo peyi nou byen wo e foto prezidan miki tet kale.

REPLY to this message

Return to Message List

Our objective is to share with you news and information about Haiti and the people of Haiti. Traditions, habits and the way we were  or  grew are alive in this site. We highly recommend that you Subscribe to our Newsletter and also share with us some of the things that are memorable and made us unique people.