ADVERTISEMENT


RE: Taiwan leader Ma Ying-jeou starts Caribbean tour in Haiti

Fermilien Francy - September 5 2013, 1:58 AM

Kore fanm kwadebouke yo.Peyi a dwe dekole, ann fel linyon fe la fos tet kale nou prale, le a rive, bay lemond egzanp, nou se premye pep nwa nan mond lan. Prezidan michel joe martelly yon(NELSON MANDELA) AN Haiti.

kwadebouke ki apre tranbleman de te a reprezante preske 80 % santral kapital la bezwen yon gwo e bel mache byen rapid nan plan pou nou retstore zonn sa kite yon bel zonn de repo ki konnya telman gen aktivite ladanl li surpeuple.Deye simetye a nan zonn Lase kote wyclef soti a nou vizite l gen espas la pou konstwi yon mache ki ka resevwa 250 000 moun byen feme byen bel avek kontwol leta bel wout apre leta ka konstwi lot boutik pou lwe a lot moun maket e plis. Mache sa dwe gen elektrisite, dlo ladanl bel twalet avek moun kap netwaye yo chak minit bel poubel polis kap la pou montre moun yo bon mwayen pou pwoteje tet yo nan mete fatra nan bon pozisyon ki pap bayo maladi apre.
Nap bezwen yon biwo ki ap la pou resevwa moun sa yo chak mwa pou yo vin peye ti moso taks kap ede w peye moun kap travay ladanl yo pou peye dlo ak elektrisite tou lap mache telman byen prezidan wap jwenn ti kob pou achte siret ou tou.Wap rele Mache sa direkteman ' MACHE 'TET KALE''.prezidan se yon bagay kap ede w tou pou pwochen manda w kote ou pap bezwen nan travay twop pou prezidan anko.Mwen vle sa 100% 100. Eseye plan sa tet kale si l mache wap kontinye Jacmel, Aux cayes, Port de Paix, Jeremi, au cap Haitien, gonaives tout gwo vil yo, kwem si ou vle miki wap jwenn lajan de mache sa yo pou konstwi plis lekol pou pitit polisye yo, yon gwo faktori nan cite soleil ki ka pran o mwen 100 000 moun.
Mache ramase tout fanm ki nan peyi a, yap kanpe ave w tou yap vote w yap rele w ''miki cheri'' mari tout fanm kreyol.

pa bliye plan se kirite a fonn mete bon polisye andedan yo pou anpeche bandi mete dife, nap mete kamera nan tout kwen pou filme tout vye zak malonet.Nan fe plas pou pitit ou yo tou san yo pa bezwen batay ak lot fo politisyen pou pouvwa yap jis di yo vle prezidan e 99% pep Haitien ap vote pou yo.
mwen se Francy fermilien moun gwomon map viv an Russie.Mesi pou aeroport a li koumanse santi bon pis la mande pase men tou deyo a mande pi pwop bel gazon twop moun ki pap fe anyen devan.

fe bel espas kote moun ka chita le yo vin cheche fanmiy yo nan lonbraj tou mete poubel polis pou kontwole yo san desod asire sekite chak moun kap soti, malet, mesye an inifom yo twop yo vyolan tou fok ou bese efektif la mete yo fe lot bagay.

Retire ti restoran anba tonel yo ki devan airport sepa ke nou pa vle ti malere cheche lavi men pito an nou konstwi bel restoran kote blan ap fier pou l rantre bwe dlo. evakye tout ti machann sa yo pa al ba yo kout baton sinon map fache ave w papa. se manman m se matant mwen yo ye karese yo pale ave yo ofri yo lot mwayen ki ka ede yo nan fe nbel bagay pou leve vizaj aeroport nou an.
Mesi pou wout kwadebouke a kap soti malpas la m te pale anpil pou sa, m we li an mach fok li bel epi double asfalt la tou. Nou ka fel twa 2 vwa monte 2 vwa desann epi ouve lot ti kwen yo pou anpeche blokis la.Pa bliye debouche wout sou de kwadebouke a petyonvil la.la rele'' michel martelly avenue''.sak pa kontan mete w nan kwen tann apre 5 ane fini nap ba yo espas la pou 5 ane tou ya kontinye sa nou tap fe epi nap ave yo tou.

Related Article:

Taiwan leader Ma Ying-jeou starts Caribbean tour in Haiti

Haiti's continued recognition of The Republic of China as a body which governs itself was met by the Asian country's readiness to offer almost $16...

REPLY to this message

Return to Message List

Our objective is to share with you news and information about Haiti and the people of Haiti. Traditions, habits and the way we were  or  grew are alive in this site. We highly recommend that you Subscribe to our Newsletter and also share with us some of the things that are memorable and made us unique people.