ADVERTISEMENT


Voodoo, big social problem in Haiti, according to Cardinal Chibly Langlois

Derson Jolteus - July 14 2014, 1:04 PM

The cardinal has a lack of common sense and intellectualism.

Kadinal la ap voye monte san li pa ale fouye nan listwa pou li wè kijan zanzèt nou yo te rive pran lindepandans.

Si Kadinal la al fè yon kout je nan listwa, kote ke lap wè ke vodou a te reyini zanzèt nou yo pou yo lite kont yon koz ki tap fèt yo mal. Vodou pa vle di mal. Li se kilti pèp ayisyen an. Se sa yo rele "Sorcellerie" a ke yo vi n rantre nan vodou a ki vi n fè ou wè vodou a nan yon lot sans. Cardinal la petèt manke bon sans ak kalite intelektyel pou li distinge vodou a ak sorselry.

Fok Kadinal la pa bliye ki reponsablite kriminel ke legliz katolik te genyen nan tan lesklavaj lè yo te instwi prèt yo ( pè,monseyè, kadinal, ak pap) pou preche esklav sa yo rele "Resignation" an. Se te tipikman mechanste sa te ye kote wap ankouraje yon moun pou li aksepte yon fos kap fè li mal.

Se pratik kolon blan yo ak legliz katolik ki bay vodou a jaret an ayiti.

Vodou vle di rasanbleman pou lite kont tout fos mal. Li pa vle di mal. Sel bagay esklav yo pat fè lè yo te pran lindepandans se chase legliz koronpi, mafya sa a ki rele legliz katolik la nan zye moun. Esklav yo te chase yon pati nan mal la kite kolon blan yo epi yo kite lot pati nan mal kise legliz katolik.

Se normal pou kadinal la ap taye banda epi voye monte jodi a paske li eritye yon stati ke li sanble li pa menm konnen orijin ni. Mwen pa pratike vodou e mwen pa renmen l tou paske mwen se kretyen.

Men mwen pa bliye ki fos Bondye Granmèt la te bay esklav yo kote li te pemèt yo louvri je yo pou te ka rasanble epi diskite ak anploye estrateji sou kijan yo tap pral chase fos mal ki tap toupizi yo a. Ke kadinal al konsilte listwa ou di mwen al chita sou ban lekol toujou pou li pran yon ti formasyon yon fason pou li pa foure nen l mal kote pou li pa foure l. Vodou pa vle di la ront jan Kadinal la ap voye monte a. Esklav to te gen posiblite pou yo reyini selman nan nwit lè kolon blan yo tap domi. se sa ki rele kilti vodou lè yo toujou kenbe pratik reyini nan nwit la. Hougan ki ap touye moun nan pa pratike vodou.

Li pratike "Sorcellerie".

Se pratik sorsye an ki dwe chase an ayiti.

Epi tou se pa vodou a ki bay koripsyon an ayiti.

Kadinal la konnen byen ke koripsyon an se yon bagay ki ne nan lespri lezom epi legliz katolik ba li jaret pou li grandi an ayiti.

Ke kadinal la al pran yon ti le savwa toujou.

Se jistis nou an ak jan gouvenman fonksyone an ayiti ki merite chanje.

Depi bagay sa yo fet, tout moun ap gen sa yo rele konfidans nan la jistis ak gouvenman.

Konsa nap rive gen yon lot sosyete kote tout moun ap ka viv san problem.

Related Article:

Voodoo, big social problem in Haiti, according to Cardinal Chibly Langlois

The battle for the sole of Haiti has begun once again. In an article written in theguardian.com, newly nominated Haitian Cardinal Chibly Langlois...

REPLY to this message

Return to Message List

Our objective is to share with you news and information about Haiti and the people of Haiti. Traditions, habits and the way we were  or  grew are alive in this site. We highly recommend that you Subscribe to our Newsletter and also share with us some of the things that are memorable and made us unique people.