ADVERTISEMENT


Mete Anviwonnman kom matye premye nan tout lekol 6eme a philo.

Fermilien Francy - September 5 2013, 2:01 AM

Plan pou anviwonnman peyi nou.fon Dekole le a rive, nou ka pi plis nan 3 ti ane ki rete a, nap bay pas la pou yon lot jwe ka fe gol tou, pa choute a men, apre 5 ane nap tounen.Nan 5 ane pa nou an pa gen prizonye politik sa bel micky.

an nou li sa.
kisa ki anviwonman?'
kisa li reprezante nan lavi moun sitou an ayiti, kote fatra se zanmi tout moun?

kisa nou ka fe pou nou pwoteje anviwonman?

ki matye premye leta ta dwe pouse a tout elev lekol olye de nsenye literati, foce timoun etidye istwa depi avan endepandans pa egzanp kaonabo anakaona kisa sa yo reprezante pou timoun yo?

Tout repons sa yo nap jwenn yo nan men yon bon minist edikasyon ki aka chita kap we matye sa yo pa gen espas anko nan memwa timoun yo pandan nou pral mete ''ANVIWONMAN'' kom matye premyer pou timoun aprann kote yo pral kouman yo dwe pwoteje avni yo.
Anviwonman se nou menm nmenm, se espas kote nap viv fonksyone yo, lair nap respire a bonn ode natirel nou pa genyen an anko, bel fle bel pyebwa nou koupe yo, bel zwazo nou ki pa la pou chante pou nou anko yo sendomeng.Menm van nou pa genyen paske pa gen pyebwa kap vante, lapli pa tonbe anko, le li gen chans tonbe se desas paske rigol nou yo bouche ak fatra, plastik kap tiye pwason nou yo nan lamer a, rivaj nou yo vin pa pwop, nou vin gen tout vye maladi paske dlo rigol pa koule yo bloke yon kote epi yo bay movez ode, e se konsa pitit nou ap mouri vant anfle.

Le nou nan avyon anle a sou tet ayiti peyi a tou blanch poukisa twop fatra kap boule vye kawoucthou fatra mouye anviwonman nou an kontamine.Eske elev nou yo o kouran de tout sitiyasyon sa yo?

repons lan se non, paske ministe a pa gen yon pwogram dansenyeman sou anviwonnman pou yo epi le konsa yo care, yomenm bliye tet pa yo.apre yon ti tan yo pral fini lekol yo pa gen anyen pou yo fe, yap cheche yo pa jwenn, kidnapping lavi ou lanmo.

an nou prepare timoun avek dinyite pou yo prepare pwop tet pa yo.nan chak lekol ayiti nou dwe gen bon pwofese ki forme pa ministe a kap forme timoun yo e fe yo pase egzamen sou sa, si yo pa fe not pou matye sa nap fe double klas la jiskaske yo kpnprann e yo konnen byen ki enpotans anviwonnman pou yo.
ki peyi nan mond lan yo kenbe yon timoun pou 7 ane lap etidye apre sa menm konen li pa konnen kouman pou l ouvri yon odinate.vwa pou l ta konn yon pwogram.Nou pa la poun kritike selman nap bay konsey pa nou. Michel forse minis edikasyon an pou l mete pwogram sou pye ki rele anviwonman.

de prime jiska filo, nan yon ane wap we tout moun ap mache avek pye bwa nan men yo.yap manje kann nan lari a yap cheche yon poubel pou depoze mach kann lan.nou pap we po jina sache plastik nan toutlari rigol dlo nou yo ap ka kouri san pwoblem wap we bel pwason ap tounen, zwazo nou ap rekomanse chante pou nou, konsa na gen espwa nan 2 ane nou pap bezwen achte manje espire nan men sendomeng.nap ka pwodwi pwop manje natirel pou pitit nou, nap fier de nou.Nap bezwen yon polis anviwonman tou kap la pou arete tout move je kap fe chabon.

REPLY to this message

Return to Message List

Our objective is to share with you news and information about Haiti and the people of Haiti. Traditions, habits and the way we were  or  grew are alive in this site. We highly recommend that you Subscribe to our Newsletter and also share with us some of the things that are memorable and made us unique people.