ADVERTISEMENT


Sispan Krause bride an ayiti

Nesly Charles - November 26 2013, 11:17 AM

M sa se troket la chay la deye. Sa se trop! Prezidan tet kale a pa problem lan. problem nan se politisien djol krochi yo kap met nan tet pep la yon espri kraze brize, dechouke prezidan.

Nou gen lontan nap dechouke prezidan men sa pa pote pies chanjman.nou vinn pi mal, mize a vinn pi plis e pep la vinn pi anraje.

Politisien djol krochi yo ap mete nou devan pou nou kraze peyi a men se entere poch yo yap defann, entere madam yo ak pitit yo yap defann.

yo vle nou kraze brize e dechouke pou neg ki gen lajan ka toujou gen lajan pou yo fe sa yo vle nan peyi a. politisien djol krochi sa yo gen kay yo etazini, la Frans ou bien nan yon lot gro peyi. Men ti pep la pa gen kote pou yo kache le malveyan pran lari pou souse san ti malere tankou sansi.

Se sa ki lakoz ti malere san manman reziyen travese frontie al pase tray de travay nan peyi panyol.Nan Panyol yo fe sa yo vle ak nou, yo trete haitiano tankou bet.Yo touye nou sa pa anyen.

Politien djol krochi yo bliye nou, yo pa di anyen, yo pa fe anyen, djol krochi yo te di yo te renmen m m te kwe. Gade tray mwen, gade tray peyi m.
Men poukisa ayisien pa chita ansanm nan lape pou rezoud problem peyi a.
Poukisa djol krochi yo pa chita ansanm ak tet kale a?

Poukisa Tet kale a pa tande pep la.
Poukisa senate ak depite pran lari ap fe manifestasion?

Kisa ki nan tet djol krochi sa yo.

Yo pa renmen peyi a. Yo pa renmen pies peyi.

Se yon bann demagog kap fe demagoji.

Bay Tet kale a yon chans pou l fe manda li.
Tet kale bay pep la yon chans pou l viv.
Politisien djol krochi pep la pa kwe nan nou anko.
Etudian sispann fe tenten nou se espwa peyi a.
Malere mare sentu nou pi du paske pa espwa.

Moun legliz pinga nou janm pedi la fwa.
Moun Gonayiv pran leson.

Yo pa batay menm jan anko.
Neg site soley, neg bel-air ou neg potoprens sispann vann san w pou degouden.

Wi se pou nou sispann vann san nou.

Neg la, neg lot bo, neg nan mon nou se fos peyi.

Ayiti pap peri!!!!!

Se te Nesly Charles neg Gonaives ki ekri komante sa.

Nesly Charles

Charlieblablabla [at] hotmail.com

Related Article:

The city of Grand Goave facing its challenges head on

The city of Grand Goâve has existed since at least the 16th century. First colonized by the Spanish and then the French, Goâve was split...

REPLY to this message

Return to Message List

Our objective is to share with you news and information about Haiti and the people of Haiti. Traditions, habits and the way we were  or  grew are alive in this site. We highly recommend that you Subscribe to our Newsletter and also share with us some of the things that are memorable and made us unique people.