ADVERTISEMENT


RE: Michel Martelly Is Getting Closer And Closer To Become The Next...

Ronald Altieri - March 15 2011, 11:24 AM

Frem e seum yo,

Nou eseye tue moun,
sa pa mache
Nou eseye mete moun nan prizon san jistis
sa pa mache
Nou eseye makout
sapa mache
Nou eseye boule moun
sa pa mache
Nou eseye mechanste
sa pa mache
Nou eseye chimeres
sa pa mache
Nou eseye leve zombi
sa pa mache
Nou eseye intelectuel
sa pa mache
Nou eseye Minustha
sa pa mache

Sak fe nou pa eseye pale lanmou
Sak fe nou pa eseye binyin nan lanmou ak lot
Sak fe nou pa eseye fe lanmou ak peyi nou
Sak fe noupa eseye plante lanmou
Sak fe nou eseye rouze lanmou en padone lot
Sak fe nou pa eseye kimbe main embrace o lie de joure boule tue

Ou soi nou gin droi kontinye mim bagay yo
Kontinye pren mim chimin ki pat minin nou okin kote'a
Kontinye pense mimjen'en kap rend lestomac ak tet nou ret vid

Si Lumiere lanmou pat voye premie roch sou fenm nan
Ki yes ou ye pou di pou wap souflete misye ak moralite
Eske ou mim ou moral
Si tout viou te nan intenet eske fanmi'ou ak zanmi'ou ta pale avew

Si BonDie kon pardone
kiyes ou ye pouw paka pardone
Si limie lanmou pat kricifie fenm nan enba roch
kiyes ouye pouw wap kalonin misye enba roch

Pa blie tout move pense ke ou ginyin afecte Ayiti
Tout bel pens ou guiyin aide Ayiti

Chanjmen ou bezoin nan Ayiti'a se endedan'ou liye
Chanje jen'ou pense epi wap chanje Ahiti
Chanje sa wap fai epi wap chanje Ayiti
Chanje sa wap di pi wa chanje Ayiti

Se pa bel route ak bel voiture ak bel kay
ki pral chanje Ayiti
Se pa lekcole se pa diplom ni pale plizieu lang
ki pral chanje Ayiti
Se pa prezidan saa ou prezidan saa
ki pral chanje Ayiti
Se pa kob ki pral vini pou aide rebati
ki pral chanje Ayiti
Se pa program saa ni plan saa
ki pral chanje Ayiti
Se netoiye endanden espri'ou poun ka weh limie lanmou
Leh ouwe limie lanmou
Se leh saa wap ka chanje Ayiti

Eske ou ka wel

Ennou komense rinmin lot
Ou senti amou'a.
Plantel pou sa kap vini yo ka recolte'l

Limie lanmou kon bay
Se nou ki pa kon separe
En nou separe lanmou avek lot

Nou bezoin yon revolutyon spiritiel
Pou fai lenmoun klere
Komensel jodi'a
Al aide ti moun kap soufri fai ti souri

Avek limier lanmou,
Ronald Altieri

Related Article:

Michel Martelly is getting closer and closer to become the next President of Haiti

Just 10 days before the Presidential run-off election in Haiti, Michel Martelly is leading in the poll. A poll conducted by a private Haitian...

REPLY to this message

Return to Message List

Our objective is to share with you news and information about Haiti and the people of Haiti. Traditions, habits and the way we were  or  grew are alive in this site. We highly recommend that you Subscribe to our Newsletter and also share with us some of the things that are memorable and made us unique people.