ADVERTISEMENT


RE: Deputy Arnel Bélizaire Jailed, No Immunity Lifted

Djojo - October 29 2011, 9:14 PM

Nou pa nan goumen ti frè.

Ou pa bezwen mande m pou m fèmen bouch mwen paske m di verite.

Kote konstitisyon nap pale a. ki kote nou mete l. mwen pa di ke depite a pat gen dwa arete, men gen yopn procedi pou yo swiv paske li se yon depite.

Se pa depite a selman non ki pou sispan n pale lèd. Fok prezidan tou konnen ke se pa yon cha kanaval lap dirije la a ankor.

Fok li ispann di betiz tou ti frè.

Mwen pa kwè ou se yon nèg sot kap kite pasyon pote w. Fok nou ka wè lè bagay yo pa byen fèt tou. So yo fè depite a pa yon arestasyon, si se yon sekestrasyon.

Map chita pou m kwaze bra m pou m wè si gen neg nan palman an vre. Ni minis jistis la, nis minis afè etranje a, ni minis interyè, ni komisè gouvènman an e ni prezidan mateli dwe ale pou vyolasyon sa a. Depite a eli menm jan ak prezidan an, epi li klè nan konstitisyon ke yo pa gen dwa arete l konsa si se pa nan ka flagran.

Nou pa ak ap plede pale ke ayiti bezwen ponyèt fè ki pou dirije l. Ou gen lè pa wè sa kap pase ponyèt fè yo kounyè.

Petèt ou pa gen kouran pou fè nouvè l pou kon n sa ki rive kolonel kadafi nan Libi, Hosni moubarak nan ejip, Alibaba nan Tunizi, Assad nan Siri. Mwen pa kon n si w janm gen chans vwayaje pou vi n non yon peyi tankou etazini kote moun ap vi v pou wè kisa ki reke demokrasi.

Prezadan Obama oblije fè anpil konpromi ak repibliken yo. nan yon demokrasi, se pa yon moun ki dirije, se tout instiytisyon yo ki la pou jwe role. Monteskye pat pèdi tan l pou granmesi lel tap pale de twa pouvwa yo paske fok gen pouvwa ki pou stope pouvwa lè yo deraye.

Nou se zanmi, nou pa enemi.

An nou jis reflechi pito. Mwen renmen Mateli paske se konsa pou klas politik ti lolit an Ayiti a te pran yon bon souflèt pou inkonsekan.

men sa pa vle di ke map pran tout bagay nan men l. Fok peyi m bon yon lè tou. Se pa tout tan pou lap plede make pa sou plas. Mwen pap dakor.

Response to:

Hey Djojo,if you don't have anything to say just shut...

Related Article:

Deputy Arnel Belizaire jailed, no immunity lifted

Deputy Arnel Bélizaire was taken to jail upon arrival from a visit in France. According to police, he was taken for questioning as he was named...

REPLY to this message

Direct replies to this message:

LE OU PALE DE DEPITE, DEPITE KISA,SE YON PAKET BANN...

WAP PALE DE IMMUNITY,OU PA KA KONPRANN CHAK FWA BLAN...

Return to Message List

Our objective is to share with you news and information about Haiti and the people of Haiti. Traditions, habits and the way we were  or  grew are alive in this site. We highly recommend that you Subscribe to our Newsletter and also share with us some of the things that are memorable and made us unique people.